Articles

Affichage des articles du septembre, 2023

Ti Richa pwan prizon nan Canada

Image
Flash: Ti Richa pwan prizon nan Canada  25 lane, se kantite tan yon jij nan vil Montréal deside mwen pwal pase dèyè 4 mi pou yon moun mwen touye. Kriminèl! Pèsonn pat wè sa nan mwen, menm mwen mpat janm santi sa ap boujonnen anndan m, poutan, m pa regrèt zak m fè a e jodi a m pare pou m ta refè li ankò si m ta tonbe nan menm sitiyasyon an… De tan zan tan mwen ak ou fè ti koze, ou konnen deja  ke non pa m se Ti Richa, peyizan ayisyen ki sove anba kout pye zago loray, al kouri kache, bouske lavi nan peyi frizè Canada. Jodi a, se dèyè baryè penitansye, kote m pa ka wè pwent je solèy lavi a map pale ak ou.  Anvan tout bagay, pèmèt mwen konseye w mennen bak ou byen pou w pa fè wout prizon. Se pi move chimen ou ka pwan, paske prizon se yon laboratwa, yon gwo lekòl kote yo voye bandi al pwan fòmasyon pou vini pi bandi.  Sa fè 7 lane depi mwen debake nan peyi blan an. M rive ak pil bab mwen nan figi m ki fè mwen mache sou pinga m pou m pa pile si m te konnen.  Map viv p...